ÉPILOGUE

LE DISCOURS DU RETOUR

Haiti’s Coat of Arms

Monsieur le Premier Ministre Robert Malval

Monsieur le Secrétaire d’État des États-Unis d’Amérique Warren Christopher

Monsieur le Ministre des Affaires Étrangères du Canada, André Ouellet

Monsieur le Ministre des Affaires Étrangères de l’Argentine, Guido di Tella

Monsieur le Ministre des Affaires Étrangères du Suriname, Charles Mungra

Madame la Conseillère de la Confédération Helvétique, Ruth Dreyfuss

Monsieur le Vice-Ministre des Affaires Étrangères de la Jamaïque, Benjamin Clare

Monsieur le Conseiller Spécial du Président Bill Clinton sur Haïti, Williams Gray

Mesdames et Messieurs les Ambassadeurs, Distingués Officiels et Amis de la Communauté Internationale

Mesdames et Messieurs les Ministres du Gouvernement Constitutionnel

Messieurs les Président du Sénat et de la Chambre des Députés

Mesdames et Messieurs les Membres du Congrès des États-Unis d’Amérique

Mesdames, Messieurs les Membres du Congrès de l’Argentine

Monsieur le Commandant en Chef intérimaire

Officiers, Sous-Officiers de l’Armée d’Haïti et de la Force Multinationale

Chers amis, Peuple Haïtien,

Onè ! Respè !
Anba chapo lonè pèp Ayisyen
Nan respè youn-n pou lòt,
M’louvri ni kè-m, ni bra-m
Pou salye nou lavalaseman

Sè-m, Frè-m,
Se pa ti kontan m’kontan
Anbrase-w pandan map depoze
Yon kouròn konpliman
Sou tèt nou menmPèp Ayisyen.
Nou menm bò isit
Kòmnoumenmnan dizyèmdepateman

Bra d’sou, bra d’sa avè-n
Mwen fon-n vwa-m nan pa-n
Pou swete tout zanmi Pèp Ayisyen
Bienvenue ! Welcome !
Feel at home ! You are home !

Nou lakay ! Lakay se lakay !
Feel at home !

Bra d’sou, bra d’sa avè-n
Nou kontan ofri
Yon bèl bouke flè remèsiman
Bay Kominote Entènasyonal-la
Pafun remèsiman sa-a ap monte dirèk
Jwenn Prezidan Clinton.
Ak rezon !

Depi 19 septanm 94,
Gras a operasyon « pote kole »
Pou kore demokrasi-a,
Nou gen plis kè poze
Mwens kè sere
Plis kè kontan
Mwens kè sote
Se nan menm jaden remèsiman-an
Nou ap keyi kèk flè espesyal pou Sekretè Deta
Warren Christopher
Ou se yon nèg save
Lè-w pa pale, tèt ou ap travay
Mèsi pou prezans ou nan mitan-n

Anpil remèsiman pou peyi Etazini, Canada, France,
Venezuela, Argentine

Tout peyi ki pote kole
Pou reyalize Rezolisyon 940 Nasyon Zini-an
Kòmanse ak Karikom

Nou rezève plizyè meday donè
Pou plizyè defansè Pèp Ayisyen
Espesyalman frè nou Bill Gray

Kanta pou senatè
Akdepiteamerikenmenm, se pa pale !
Anplis Blak Kokus, gen lòt gwo depite bèl zetwal
Ki pa janm bouke plede pou Ayiti
Nou genavèknouDepite Jœ Kennedy
Kiteisit-la avèk nou7 fevriye91
E retounen sèt fwa-si ak madanm li Bèt
Depite Foglietta, Oberstar kanpe tennfas avè-n

Yon gwo kout chapo pou frè Randall Robinson
Ak madanm-li Hazel
Yon gwo kout chapo pou Reveran Jesse Jackson
Yon lavalas kout twonpèt pou Taylor Branch
Lonè !Respè !pou Jonathan Demme, Ed Saxon,
Harry Belafonte, Amy Willenz
Ak yon latriye òganizasyon ameriken
Ki toujou pote kole avè-n

Depi 19 septanm 94,
Gras a operasyon « pote kole »
Pou kore demokrasi-a,
Nou gen plis kè poze
Mwens kè sere
Plis kè kontan
Mwens kè sote
Se nan menm jaden remèsiman-an
Nou ap keyi kèk flè espesyal
pou
Sekretè Deta
Warren Christopher
Ou se yon nèg save
Lè-w pa pale, tèt ou ap travay
Mèsi pou prezans ou nan mitan-n

Et du Canada
Quelle joie indiscible !
De leur solidarité
Je me souviens
Du Premier Ministre Jean Chrétien
Je me souviens !
Du Ministre André Ouellet,
Je me souviens !
De l’ex-Premier Ministre Brian Mulroney,
Je me souviens !
Et naturellement des Haïtiens
Des Haïtiens qui y vivent
Je me souviens !

À la France, Paix et Bonheur
Au Président François Mitterand
Et à sa femme Danielle
Mes vœux de Bonheur
Succès continu !

Comment ne pas honorer
Le courage héroïque de
L’Ex-Président Carlos Andrez Perez
Et de l’Ambassadeur Jean R. Dufour

Bon tan, move tan
Gen yon moun ki toujou la avè-n :
Se Baena Soares
Pou li, pou nouvo Sekretè Jeneral-la
Pou l’OEA, pou Sekretè Jeneral Nazyon Zini-an
Boutros Boutros-Ghali, pou l’ONU ak ansyen reprezantan
Sekretè Jeneral Mr. Kaputo
You kokenn c henn MÈSI

Nou tout peyi etranje
Ki prete pitit gason-n ak pitit fin-n
Pou fè Rezolisyon 940
Nasyon Zini an donnen bèl fwi lapè
Sou tè Dayiti
ABOBO POU NOU !

Se pou yon lavalas kè poze
Desann sou peyi-a
E sou tout zanmi Pèp Ayisyen.
Monseyè Romelus renmen di
Mayi-a ap mi, l-ap sèch
E n-ap rekolte-l
Jodi-a, nou rekolte
Mayi retou-a
Mounn ki mete mayi nan solèy
Se li ki veye lapli !
Se mèt kò ki veye kò !

Pandan limyè vijilans la ap gide-n
N-ap pwofite remèsye Gran Mèt la
Pou jan-l manifeste nan
Rezistans Pèp-la
Nan fidelite yon lavalas Pè, Mè, Frè
Espesyalman Pè Jean-Marie Vicent
Jean-Marie Vincent mouri vivan
Jean Boul, oumouripouAyitiviv
Onè ! Respè ! pou ou
Onè ! Respè ! pou memwa 5000 viktim nou yo
Kapitèn Fritz Pierre-Louis
Minis Guy Malary
Frè nou Antoine Izméry
Tankou tout lòt inosan ki tonbe yo
Nou se ero kap klere tankou zetwal

Konsolasyon pou nou menm paran ak zanmi
Ansanm avè-n e nan respè youn-n pou lòt
Nap mache nan tèt ansanm ak tout Pastè,

Monseyè, Pè, Mè, Frè, Ti Legliz,
Vodouyizan, Pwotestan, Katolik
Kap priye san rete
Pou priyè-a monte
Pou gras la desan-n

Jou va, jou vyen
Jou ale, jou vini
Jou sa-a ! aaa !
Se jodi-a, 15 oktòb 1994
Jodi-a, se jou solèy demokrasi-a
Leve pou-l pa janm kouche
Jodi-a, se jou limyè rekonsilyasyon-an
Djayi pou-l toujou grandi
Jodi-a, se jou zye lajisits louvri
Pou-l pa jan-m fèmen
Jodi-a se jou pou sekirite blayi
Maten, midi, swa

Maten, sekirite agogo,
Midi, sekirite manch long,
Aswè, sekirite gratis ti cheri.
Sekirite bay la pè
La pè sa-a se oksijèn
Pou pati politik devlope,
Miltiplie, travay lib-e-libè
Se oksijèn pou Senatè
Depite, Majistra, Manm Kazèk
Akonpli misyon-yo
Jan Konstitisyon-an reklame-l.

La pè sa-a, se oksijèn
Pou tou òganizasyon sosyopwofesyonèl,
Oganizasyon peyizan,
Oganizasyon popilè
Sendika, TKL,
Platfòm dwa moun
Ki vle ponpe sewòm delivrans
nan tout mwèl Peyi-a.

Plis eleksyon ap pwoche sou nou
Plis nou bezwen oksijèn sa-a
Eleksyon pou Senatè ak Depite pa lwen
Eleksyon pwezidansyèl ap rive sou nou
Anvan lontan
Pou gen la pè, fòk gen tolerans
Tolerans pa sitirans
Tolerans se youn respekte dwa lòt.
Se nan debobinen bobin-n fil respè sa-a menm
Nou rive debouche sou jounen 15 oktòb sa-a.
Pandan twa zan, jou sa-a fè-n filalang
Men nou rive akouche-l
Nan respè youn-n pou lòt.

A-la yon jou ki bèl se jou sa-a !
Jou va, jou vyen
Jou ale, jou vini
Jou sa-a !
Se jodi-a, 15 oktòb 1994
Jodi-a, men-nan-men, antrenou
Men-nan-men ak Kominote Entènasyonal-la,
N’ap selebre yon jou delivrans
Yon delivranssan vyolans
Ki deplòtonnen fil rezistans nou san vanjans
Pandan twa zan, nou tan-n
Men, nou pa tounnen pwatan-n
Pito-n mize nan wout
Nou pote bon komisyon

Eske retou-a pote bon komisyon ?
Eske retou-a pote kemokrasi ?
Eske retou-a pote kè poze ?
Eske retou-a pote rekonsilyasyon ?
Eske retou-a pote espwa ?
Lespwa fè viv
Retou-a ban-n anvi viv
Plis chalè retou a chaje batri lespwa-n
Plis zetwal esperans ap file monte desan-n
Seplisnou dwesèmante 77 fwa 7 fwapou :
JAMÈ ! JAMÈ ! JAMÈ ! Yon gout san pa koule nan peyi-a !
JAMAIS ! JAMAIS ! JAMAIS PLUS une goutte de sang !
NEVER ! NEVER ! NEVER again must one more drop of blood flow !

Nou tout swaf la pè
An nou tout viv an pè
Donk, fòk tout zam bèbè
Afè koudeta, fòk pa gen sa pyès !

Ak konstitisyon nou kòm bousòl,
N’ap bati yon Ayiti ki chita sou la-lwa
La-lwa se La-lwa
Se pou sa premye deklarasyon Konstitisyon-an di :
Tout Ayisyen gen dwa pou jwen lavi,
Dwa pou viv lib-e-libè,
Dwa pou viv alèz
Se men-m dwa fondalnatal sa-a-yo
Nou jwen ankò nan Atik 4 Konstitisyon-an ki di :
Tout Ayisyen se frè ak sè.

A great man once declared, “I have a dream”. Twenty-eight years later and over thousand miles away, word of that dream echoed in Haïti as this proud nation dreamed of democracy. Deferred, but never abandoned, this beautiful dream lived on the hearts of the nation. From Rev. Martin Luther King’s homeland in the United States we continued to say that “we too have a dream”. Hometoday inour beloved Haïti, we say that we “had a dream” and that our dream of democracy has become a reality. This restoration of democracy is bringing peace for all, reconciliation among all, respect and justice for every single citizen.

Caribeans, North Americans, Latin Americans, Europeans, Africans, Asians, the world in united to witness the restoration of democracy in Haïti. I grasp this opportunity to thank the international community for its commitment to stand by the people of Haïti in this moment of democracy.

We are grateful to President Clinton for his leadership in implementing the principled resolutions of the United Nations and the Organization of the American States. This leadership has helped to redefine the relationship between Haïti and the United States, offering Haïti the opportunity to build a state of law and offering the United States an opportunity to reafirm a national pledge to uphold democracy in the world. Yesterday morning, in a moving celebration at the White House, President Clinton said : “The return of President Aristide is a victory for freedom in the world”. Thank you President Clinton for your commitment to democracy in Haïti.

Men and women of the International Community your presence here in Haïti is welcomed. It is proof of the world’s commitment to democracy. We thank you for your support, for the sacrifices that you have made to be with us.

To all those who question their dreams, remember October 15th. To all those who are discouraged in the pursuit of their dreams, remember October 15th. October 15th affirms the strength of solidarity, the fortitude of conviction, the power of dreams. The individual efforts of all world citizens committed to democracy share responsibility for the great hope for the future that today symbolizes. You who travelled with us home to Haïti demonstrate that your journey with the people of Haïti continues. Your words, your energy, your enthusiasm, your spirit are rewarded by this momentous first step toward lasting peace.

With you, again and again, we will continue to say :

No to violence !
No to vengeance !
Yes to reconciliation !

Today we embark on a new beginning, ready to share peace, reconciliation and respect among all our citizens. The success of this mission in this small corner of the universe will reflect the kind of new world order that we can recreate. In the words of President Clinton, « Bonne Chance, Haïti Thomas ! ».

To our neighbors in the CAFRICOM and in Latin America, how great it is to be participating in a process that will strengthen the historic bonds that tie us, and to promote together the cause of democracy in the Western Hemisphere.

Au seuil de l’an 2004,
Année du Bicentenaire de notre Indépendance,
Nous, Haïtiens, Haïtiennes,
Unis à la Communauté Internationale,
Pouvons relever un défi de taille :
Celui d’améliorer de façon sensible
La qualité de vie de notre population.
D’où le besoin incœrcible de passer de la misère infrahumaine
À la pauvreté dans la dignité.
Ce défi nous interpelle tous.
Car, la misère nous blesse tous.

Heureux de marcher en votre compagnie vers cette nouvelle Haïti,
Permettez-moi de renouveler
Le serment que j’ai prêté devant l’Assemblée Nationale
En ce beau jour du 7 février 1991 :

« Je jure, devant Dieu et devant la Nation, d’observer et de faire observer fidèlement la Constitution et les lois de la République, de respecter et de faire respecter les droits du Peuple Haïtien, de travailler à la grandeur de la Patrie, de maintenir l’Indépendance Nationale et l’intégrité du territoire ».

Un amanecer resplandeciente y el sueño de millones hecho realidad !
Elsol de la Democracia brillasobre Haïti
Bajo, su luz, el arbol de la Libertad
que dio los primeros frutos en 1804
con la primera nación libre de América Latina
extiende su follaje, reverdece.

Brotan capullos de esperanza.
Las palomas de la Paz comienzan a construir sus nidos.
La savia circula por el tronco al ritmo de tam-tam haïtiano.
Las raíces beben las aguas de la fuente inagotable de la vida
donde se unen el origen y el futuro.
Un instante que se convierte en infinito.
Hoy, con el dìa y la noche reconciliados,
se habre un nuevo futuro para nosotros.

Plantemos juntos mujeres y hombres, pobres y ricos, militares y civiles, niños y ancianos un bosque de tolerancia y de justicia, y construyamos puentes entrelasados de amor y solidaridad. Y cosechamos juntos dìa a dìa los frutos sagrados de la felicidad, en comuníon con nuestros hermanos dominicanos. Porque Haïti y la República Dominicana son dos alas extendidas de un ave, dos flores gemelas, dos naciones que comparten labella Isla de Hispañola.

Se pou sa menm jodi-a
Nou kontan retounen
Vin koule kafe rekonsilyasyon-an
Nan grèg lajistis
Pou-l pa gen ni ma voyolans,
ni ma vanjans.
Ak kafe rekonsilyasyon sa-a,
N’ap jwenn ladrès pou konbat lamizè
kwape lavi chè
Trase vèvè pwogrè ekonomik,
Simen travay tribò-babò nan Peyi-a

Se yon defi, men nou ka leve-l
Men anpil, chay pa lou

Yon sèl dwèt pa manje kalalou
Konsa, se pou lanp demokrasi-a
Limen 48 è sou 48 è.

Kijan pou-n limen lanp demokrasi-a ?
Dabò mete gaz lajistis ladan-l,
Answit mete yon mèch rekonsilyasyon
Epi, top top, limen-l.
Limyè-a ap djayi.
Esperans ap bouyi.
Ayi t i ap sour i .
Lè sa-a, nou gen limyè rekonsilyasyon pou piyay
Menm si nou pa nan piyay
Lè-w nan piyay
Ou san lè nan deblozay.
Lè-w nan deblozay,
Ou deja nan ayayay.

Paske mouchwa diyite nou
Toujounan pòch prestijnou,
N’ap relaks sou konpa met lòd nan dezòd.

Lòd ak disiplin ! Yes.
Lòd anwo !Lòd anba !Yes.
Lòd ak disiplin tout-tan, tout-kote ! Yes
Nan respèyounn poulòt !Yes.

Eben, nou mèt relaks ! Relaks !
Vide siwo relaks lavalasman !
Douseman ! Kalmeman ! Relaks !
Veye anwo, veye anba !
Gade devan, gade dèyè,
Kadanse sou konpa demokrasi-a,
Douseman, kalmeman, Cool !
Kadanse, balanse, Cool !

Vide lapè antrenou !
Lapè nan Peyi nou !
Lapè toupatou.

Si yon atache ak zam
Tonbe anba men-w
Remèt-li bay militèn yo
K-ap mete sekirite.

Chak jou,
Kontinye mache men nan men
Ni ak militè Ayisyen ki vle lapè,
Ni ak militè Ameriken k-ap vide sekirite agogo
Ni ak fòs miltinasyonal
K-ap bay sekirite gratis ti cheri !

Ofisye, Souzofisye, Solda
Mwenvin pote kèpoze pounou.

Men nanmen avè-n
Ansanm nap rebati peyi nou-an,
Nan bonjan vanrekonsilyasyon.

Lemond antye ap swiv Ayiti pazapa.
Pami pèp ki chanpyon
Nan fè sa ki bon,
Nou se yon pèp echantiyon.

Vyolans, pa !

Vanjans, pa !

Rekonsilyasyon, wi !
Jistis ak la pè, se sa nèt !
Abobo pou pèp Ayisyen !
Chapo ba pou jenès dAyiti Toma.
Pou tout ti-mounn nan 9 depatman nou yo
Kòm nan dizyèm depatman nou an.
Anpil lanmou ak anpil bo
Ti-mounn yo, kote nou ?
Ti-mounn yo, men mwen !
Ti-mounn yo, mwen renmen nou tout !
Mwen kontan wè nou anpil
Je vous aime tous.
I love all of you.
JenèsPeyi dAyiti Toma,
Konpliman pou bèl vèvè solidarite
Nou pral kontinye trase.

Fanm dAyiti
Fanm vanyan Peyi dAyiti
Kote nou ?

Nou menm fanm vanyan ki pa janm bouke
Fè zantray dizyèm depatman-an bouyi
Noumenm fanmvanyan k-apponpelavi
Nan zantray 9 depatman nou yo,
Pèmèt mwen bese do-ba, do-ba,
E mache ti-pa, ti-pa,
Pou-m wete chapo devan kouraj nou !
Wi medam !
Kanta pou genyen an
Nou gentan gensou nou.
Jodi-a, meyè fason pou-n tire lareverans devan-n
pandan lemond antye
Fikse je-l sou nou,

Se ban nou yon ochan pwetik.
20 janvye 1992,
Lè Prezidan Clinton tap prete sèman,
Yon gwo powèt fanm te la
Pou pouse bon son pwezi

15 oktòb 1994,
Nan non tout gason ki konn valè manman
E kap pote kole ak fanm pou yon delivrans total kapital,
M’vin redi :

FANM SE FANM
Fanm se fanm ki enganm
Fanm se fanmki gen nanm
Fanm se fanm ki byen djanm

Fanm se fanm ki vanyan
Fanm se fanm ki gen fanm sou yo
FanmDayiti se fanm tout bon

Nan soufrans, yo gen rezistans.
Nan fè manzè mizè lagè,
Fanm dAyiti se rèn
Ki mache ak sirèn
FanmdAyiti gen fyèl.

Dlonanje,renmare,tètchaje,
Kè sere, rèl pete, vole ponpe,
Fanm dAyiti la.
La pou di ola.
La pou di nou la.
Nou la tennfas
Nou la pi rèd.
Nou la tèktègèdèk !

Fanm se fanm,
Fanmpa kann.
Siwo kann rale foumi
Siwo fanm rale lavi ;
La-vi pou Ayiti kap redi pa mouri
Lavi pou demokrasi bouyi an Ayiti
Lavi pou n-sòti nan diktati.

Si fanm dyanm ak gason enganm
Pa met ansanm, nou bannann.
Si fanm dyanm ak gason enganm met ansanm
Ansanm, ansanm,
N’a fè yon Lavalas fanm ak gason
Ki se yon pil ak yon pakèt
Yon pakèt ak yon bann
Yon bann akyondal
Yon dal ak yon foul
Yon foul ak yon lavalas rekonsilyasyon,
Kè poze, kè kontan,
Lajistis ak lapè,
Pou ou, pou mwen

Pou nou
Pou nou tout.

Rich, pòv
Militè, sivil,
Pou ou,poumwen
Pou nou,pounou tout,
K-ap souri younn ak lòt
Zye nan zye
Men nan men, kòtakòt
Bra-d-sou, bra-d-sa, paske
Nap koule kafe rekonsilyasyon
nan grèg lajistis
Pou-l pa gen ni ma vyolans
Ni ma vanjans.

Yon sèlnou fèb,
Ansanm nou fò,
Ansanm, ansanm
Nou se LAVALAS .

Jean Bertrand Aristide

| Navigation |